« Men, nou menm, byenneme mwen yo, edifye tèt nou nan lafwa nou ki sen anpil. » (Jid 20) Kisa Jid t'ap pale la a ? Kisa ki lafwa ki sen anpil la.
Nan liv sa a, nou vle egzaminen kijan yon jenn Kretyen sipoze fè fas ak yon seri sityasyon reyèl ki prezante nan lavi li. Nou pral etidye prensip biblik yo ki kapab ede nou fè bon chwa. Bondye vle ou devlope yon bon plan pou sèvis Li, epi Li vle pou ou kanpe djanm kont tout vye atak Satan yo.