Ki devwa yon disip Jezi genyen anvè chèf leta yo ? Ki atitid nou dwe genyen anvè yo ? Èske nou dwe obeyi yo toutan san eksepsyon ? Èske genyen ka kote nou bezwen dezobeyi yo ? Anvè kilès moun nou dwe fidèl dabò ?
Bib la fè nou konnen gouvènman peyi kote nou rete a se yon otorite Bondye etabli. Se devwa gouvènman an pou pini mechan yo. Si se pa konsa peyi yo te òganize, tapral genyen anachi, ki vle di tout moun t’ap toujou fè sa yo pito san gade dèyè. Imajine kòman sa t’ap ye si ou te oblije viv nan yon peyi kote pa gen okenn lwa, okenn lòd. Nan Women 13.4, Apòt Pòl di gouvènman an se yon zouti nan men Bondye pou byennèt nou. Se leta ki kenbe nepe a nan men li, epi se leta ki gen fòs pou pini sila yo ki fè mechanste.
Donk, si nou konsidere tout bagay sa yo, ki devwa yon disip Jezi genyen anvè chèf leta yo ? Ki atitid nou dwe genyen anvè yo ? Èske nou dwe obeyi yo toutan san eksepsyon ? Èske genyen ka kote nou bezwen dezobeyi yo ? Anvè kilès moun nou dwe fidèl dabò ? Kèsyon sa yo mande bon jan refleksyon pou tout kretyen ki sitwayen nan nenpòt peyi. Ann di Bondye mèsi dèske Li pa kite nou san enstriksyon sou pwen sa a. Ann gade sa Bib la anseye nou.
Pami tout sitwayen ki genyen nan yon peyi, moun k’ap swiv Jezi dwe toujou yon pi bon modèl. Nou pa dwe reziste devan chèf yo ni opoze ak yo. Men, se pou n’ soumèt nou devan yo kòm bon sitwayen, epi ba yo onè. Nou dwe fè byen (Women 13.1–5 ; 1 Pyè 2.13–17), epi nou dwe prèt pou sèvi nan tout kalite bon zèv (Tit 3.1). Nou dwe peye taks avèk onètete (Women 13.6–7). Nou gen devwa pou n’ priye pou chèf yo, se konsa « nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen » (1 Timote 2.1–2). Nan tout bagay, nou reskonsab pou n’ viv yon fason ki fè nou merite lwanj nan men chèf leta yo (Women 13.3).
Jounen jodi a, ou fasil tande moun pale gouvènman peyi yo mal. Sa fèt prèske tout kote. Yo deklare fòk moun manifeste pou yo defann dwa yo. Moun pran lari, yo fè manifestasyon, epi yo fè grèv. Yo fè tout kalite bagay pou yo eseye fòse gouvènman an ba yo sa y’ap chache a. Pafwa genyen vyolans. Pafwa genyen koudeta menm.
Pafwa tou, nou tande kretyen k’ap fè djòlè sou kijan yo pase sou kote lwa peyi a. Genyen moun ki vle fè ou konnen sa bon lè ou pase sou kote, depi yo pa kenbe ou. Men, Apòt Pòl di nou dwe obeyi gouvènman an poutèt konsyans nou devan Bondye. Se pa paske nou pè leta, men pito se poutèt krentif pou Bondye. Li egzije nou pou n’ respekte, onore, epi obeyi gouvènman an ansanm avèk regleman li yo menm si nou santi yo pa jis.
Apòt Pòl te chita ekri pasaj nou te gade anlè yo nan yon epòk kote Newo t’ap peze peyi a. Li te yon vye diktatè mechan. Newo te tèlman san pitye, genyen moun ki etidye reny pa li a ki deklare se sèlman yon twoub mantal ki te ka esplike kijan li te move konsa. Li te pèsekite kretyen yo ak je chèch. Yo te konn di se li menm ki te pran plezi nan boule kadav kretyen yo bò lari a pou l’ te ka klere lavil Wòm. Kounyeya, se te nan yon epòk tèt anba konsa Pòl t’ap ekri. Li pa t’ kritike wa a ni gouvènman li an. Men, li te bay kretyen yo lòd pou yo respekte epi obeyi li pito. Konsa tou, li ban nou lòd pou n’ swiv egzanp li te trase a.
Se vre n’ap viv sou tè sa a, epi nou soumèt devan lwa peyi nou an nan tout fason nou kapab, men kòm Kretyen nou se sitwayen yon lòt kote dabò. Se nan peyi selès la nou sitwayen anvan. « Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n’ap tann Delivrans nou, Jezikri, Senyè a, ki gen pou desann sòt nan syèl la » (Filipyen 3.20). Nou pa pou tèt nou ankò. Bondye peye yon pri pou Li achte nou (1 Korent 6.19–20). Nou delivre anba pouvwa tenèb, epi nou antre nan Wayòm Pitit Gason Bondye a, Jezi Kris (Kolòs 1.13). Wa pa nou an se Jezi. Li se Wa sou tèt tout wa yo. Li se Senyè tout senyè yo (1 Timote 6.14–16). Pi gwo devwa nou genyen se anvè Li menm (Filipyen 2.9–11 ; 1 Timote 1.17). Nou angaje nan travay Wayòm Bondye a, epi nou angaje pou n’ obeyi Li nan tout sa Li mande nou fè. Se Pawòl Li (Bib la) ki va jije lavi nou (Jan 12.48, BIB KREYÒL LA).
Verite sa a parèt aklè nan kijan Bib la pale sou Kretyen kòm etranje epi kòm peleren nan mond sa a (1 Pyè 2.11 ; Ebre 11.3 ; 1 Pyè 1.17). Yon etranje k’ap viv nan yon peyi genyen tout obligasyon pou li koube devan lwa peyi kote li rete a. Nou te gade tout obligasyon sa yo deja. Men, idantifikasyon moun lan epi rasin li rete toujou nan peyi kote li sitwayen an, kote li sòti a. Konsa tou, Kretyen an se yon sitwayen Wayòm Bondye a. Li se etranje pandan l’ap viv nan mond sa a.
Pami gwoup sa yo ki panse yo genyen dwa revandike dwa yo, genyen kèk gwoup Kretyen ki òganize tèt yo yon fason pou yo peze gouvènman an pou fòse yo ba yo sa y’ap chache a. Yo kwè se devwa yo pou yo egzèse dwa sa a pou yo kapab klere limyè Jezi a, jan Li te anseye nou pou n’ fè l’ la. Men, Jezi pa t’ anseye kalite reyaksyon sa a devan bagay leta. Okontrè, Li te di disip Li yo konsa : « Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen yon lanp pou mete l’ anba yon mamit. Men, yo mete l’ sou yon etajè, pou l’ klere pou tout moun ki nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la » (Matye 5.14–16). Pase pou n’ itilize politik pou peze yon gouvènman, pito nou klere limyè nan jan nou viv selon Bondye, nan jan nou mennen lavi ki sen. Se konsa pou n’ glorifye Papa a. Jezi te fè nou konnen se pou yon lòt Wayòm nou ye (Jan 18.36).
Nou menm ki Kretyen, pandan n’ap tann pou n’ ale lakay nou nan syèl la, n’ap viv annatandan kòm bon sitwayen nan mond sa a. Verite sa a konn mennen konfli. Genyen okazyon kote lwa peyi a egzije nou fè yon bagay ki vyole lalwa Bondye a. Nan ka sa yo, nou anfas gwo kèsyon : Kisa nou ta dwe fè ? Kilès nou ta dwe obeyi ?
Jezi deklare byen klè pèsonn moun « pa ka sèvi de (2) mèt alafwa » (Matye 6.24). Fòk nou chwazi kilès nou pral obeyi dabò. Kretyen se moun ki deja antre nan yon angajman avèk Jezi. Genyen okazyon kote angajman sa a avèk Jezi kreye yon konfli avèk leta peyi nou an. Apòt Jezi yo te genyen menm pwoblèm sa a nan Travay Apòt Yo chapit 4 epi 5. Apre Jezi te monte nan syèl la, apòt yo te ranpli avèk Sentespri a, epi yo te kontinye preche Bòn Nouvèl la. Te genyen yon lè chèf leta yo te trennen Pyè ak Jan nan jijman. Chèf yo te pase yo lòd pou yo pa anseye non Jezi a ankò. San ezitasyon, yo te reponn konsa : « Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye : Obeyi nou osinon obeyi Bondye ? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande » (Travay 4.19–20). Lè chèf yo te lage yo, yo te retounen kote lòt disip yo, epi yo te ale devan Bondye nan lapriyè. Bondye te konfime pou yo kijan Li te dakò avèk yo. Konsa, yo te dezobeyi leta a, epi yo te kontinye preche toujou. Yon lòt fwa ankò yo te trennen apòt yo devan chèf pou rann kont kòman yo fè dezobeyi leta a. Yo te reponn : « Se pou n’ obeyi Bondye pase pou n’ obeyi moun » (Travay 5.29).
Nan tout istwa lòm, plen egzanp kote yon moun ki t’ap sèvi Bondye te rive nan yon sityasyon kote li te oblije dezobeyi leta pou l’ te ka rete fidèl ak Bondye. Lè Nebikadneza te pase lòd pou tout pèp la adore estati li te fè a, Danyèl ak twa (3) zanmi li yo te reponn konsa : « Monwa, nou p’ap eseye defann tèt nou. Si Bondye n’ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si Li ka delivre nou tou anba men ou, L’ap fè l’. Men, menm si Li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p’ap adore bondye pa ou yo, ni nou p’ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a » (Danyèl 3.16–18).
Tout apòt Jezi yo te dakò soufri pèsekisyon pase pou yo te koube devan leta ki t’ap di yo piga yo preche Bòn Nouvèl la. Genyen ki te mouri kòm mati pase pou yo te bay leta priyorite sou Bondye. Pòl te pale sou kalite angajman sa a nan Travay 21.13. Li di : « Poukisa pou n’ap kriye konsa, pou n’ap chache kraze kouraj mwen konsa ? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m’ kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m’ap mouri pou Senyè Jezi nan Jerizalèm. »
Depi epòk kote Jezi te sou tè sa a, anpil Kretyen te deja chwazi mouri kòm mati pase pou yo vyole lalwa Bondye. Nan anpil peyi sou tè sa a, lwa peyi a pa pèmèt moun Kretyen. Genyen peyi kote leta a entèdi moun preche Bòn Nouvèl Kris la. Anpil kote sou tè a vle fòse moun fè sa Kretyen pa kapab fè ak konsyans li pwòp devan Bondye.
Bib la fè n’ konnen sèvi Bondye se bagay ki mennen pèsekisyon (2 Timote 3.12). « Lè sa a, y’ap pran nou, y’ap lage nou nan men moun k’ap fè nou pase touman, y’ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt Mwen » (Matye 24.9). « Men, si yon moun ap soufri paske se Kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la » (1 Pyè 4.16). Depi nan kòmansman an, soufrans poutèt non Jezi a fè pati lavi Kretyen an.
Jodi a, nan peyi Ewòp yo ak nan peyi Lamerik yo, pi fò gouvènman dakò libète sou kèsyon relijyon. Moun ka chwazi adore sa yo vle jan yo vle. Leta pa antre nan sa. Konsa, pou anpil kwayan jodi a, yo mal pou imajine yon sityasyon kote yo ta oblije dezobeyi leta poutèt lafwa nan Kris. Se bagay ki ta etranj nèt pou yo. Men, se pa konsa bagay yo te ye lontan. Epi anpil kote sou tè a poko janm genyen libète konsa sou kesyon relijyon. Konfli a manifeste sitou kote moun ap eseye swiv tout doktrin Kris la nèt kòm yon gid pou jan yo dwe viv lavi yo.
An jeneral, kwayan yo nan pifò peyi yo te toujou konn jwi libète sou kesyon relijyon. Malgre sa, genyen egzanp kote yo te anfas gwo desizyon difisil. Pafwa, nan kèk epòk, te genyen peyi ki te egzije moun enskri nan lame a. Yo konn fè sa sitou lè peyi a nan lagè. Men, Jezi te deklare sèvitè pa Li yo p’ap goumen paske Wayòm Li pa sou tè sa a (Jan 18.36). Genyen lòt ka kote Kretyen te soufri anpil dèske yo pa t’ vote nan eleksyon ni patisipe nan okenn pati politik. Konsa tou, gen Kretyen ki dezobeyi gouvènman an chak fwa yo reyini nan non Jezi, jan Bib la mande yo pou yo fè l’.
Jodi a, kwayan an ap viv anfas yon mond k’ap goumen plis chak jou kont prensip Kretyen. N’ap viv nan yon epòk kote anpil bagay chanje. Moun ap lite pou yo chanje règ moralite yo nan sosyete nou an. Gouvènman yo anvi genyen dwa pou yo fòme pitit nou yo ni sou bagay akademik, ni sou bagay moral tou. Genyen lwa ki ekri ki anpeche moun disipline pitit yo nan fason Bondye di sa dwe fèt nan Pawòl Li. Yon lòt kesyon ki ap poze toupatou se konsènan dosye omoseksyalite a : Èske de (2) moun menm sèks gen dwa marye ansanm ? Kounyeya, kisa yon pastè pral fè lè leta parèt pou mande li fè yon maryaj pou de (2) gason, sepandan lalwa Bondye pa dakò bagay konsa ?
Kilès nou pral obeyi lè gouvènman an kanpe kont Pawòl Bondye a epi kont Lespri Kris la ? Li pwobab pou, anvan lontan nou pral kòmanse sibi menas nan yon nivo nou poko janm imajine. Èske nou va dakò ? Èske nou va tou pare pou n’ chwazi dezobeyi leta pase pou n’ dezobeyi Bondye ? Paske, jodi a toujou, fòk Kretyen an « obeyi Bondye pase pou li obeyi lòm. »
« Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen. Sèl bagay, se pou nou rekonèt se Kris la ki Senyè a nan kè nou. Se pou n’ toujou pare pou n’ defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou eksplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k’ap pale nou mal poutèt bon kondwit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t’ap joure nou an » (1 Pyè 3.14–16).