Jouk Jezi A

Pou Kretyen an ki renmen Bondye tout bon, jouk la se yon vrè benediksyon li ye.

« Vini jwenn Mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, M’a soulaje nou. 29Pran jouk Mwen, mete l’ sou zepòl nou. Pran leson nan men Mwen. Paske Mwen dou, Mwen toujou soumèt Mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. 30Paske, jouk M’ap ban nou an fasil pou pote, chay M’ap ban nou an pa lou. »
(Matye 11.28–30)

Nan pasaj sa a, Jezi te pran egzanp sou yon senp objè ki te toujou itil moun anpil depi nan tan lontan : yon jouk. Depi Jezi te itilize mo « jouk » la, moun yo ki t’ap koute L’ te deja genyen yon imaj nan tèt yo. Yo te wè yon pè bèf k’ap trennen yon chari osinon yon wagon. Ilistrasyon an te pouse yo reflechi sou de (2) bèf k’ap travay ansanm kòtakòt pou rale yon chaj ki twòp pou yon sèl bèf. Se grasa yon gwo bout bwa ki rele yon jouk yo kapab mete ansanm pou rale chaj la. Ilistrasyon an te konsyantize moun yo sou kijan se te bout bwa sa a ki te pèmèt bèf yo reyisi nan sa yo t’ap fè a. Jouk la te mare yo ansanm youn ak lòt pou yo pa separe, epi se te yon enstriman ki te kalifye yo pou reyalize travay la ki devan yo. Nan epòk kote Jezi t’ap viv la, epi nan epòk pa nou an tou, jouk la se yon bagay ki nesesè. Nan lavi kretyen an, jouk la nesesè tou. Ann gade detwa egzanp ki ka montre nou sa.

1. Jouk la se yon enstriman ki fè nou jwenn repo.

Imajine yon timoun k’ap pote yon bokit plen dlo. Bokit la lou, epi timoun lan mal pou jere l’ sou tèt li san l’ pa tonbe. Li anvi montre jan li djanm, epi konsa li goumen ak bokit la, men rive yon lè li bouke twòp. L’ap goumen toujou lè yon granmoun parèt. Granmoun lan ofri pran bokit la pou li. Vizaj timoun lan chanje. Konsantrasyon ak mizè tounen kontantman.

Se konsa sa ye pou jouk la Jezi ofri nou chak. Li vle ede nou pote fado yo ki reyèl nan lavi sa a. Jezi pa retire fado a konplètman sou nou, men Li soulaje chaj la pou n’ ka sipòte, epi Li mache ansanm avèk nou. Li ofri pou Li rete bò kote nou nan mitan difikilte yo, epi pandan Li la, Li ban nou fòs pou n’ pote chaj la ki toujou la. Se nan fason sa a yon esperyans ki di epi ki ranpli ak doulè, kapab devni yon esperyans kote nou viv gras Bondye a andedan nou. Pase pou n’ sibi yon blese ki fè n’ mal plis, nou twouve gerizon ak soulajman pito.

2. Jouk la se yon enstriman ki ede nou konnen kilè pou n’ kanpe epi kilè pou n’ avanse.

Yon bèf ki jouke ansanm ak yon lòt bèf twouve l’ nan yon sityasyon kote li oblije mache lè lòt la mache. Lè lòt la rete, li oblije rete tou. Pafwa nan lavi kretyen an, nou vle avanse pandan Bondye vle pou n’ rete kote n’ ye a. Yon jenn tigason adolesan anvi avanse pou l’ pran yon seri desizyon pou kont li san paran l’ yo pa ka di anyen nan sa. Yon jennonm vle avanse fè kèk esperyans seksyèl san li pa marye. Yon jenn madmwazèl anvi kouri marye pandan paran l’ ansanm ak lòt granmoun legliz konseye l’ pou li tann toujou. Genyen anpil lòt egzanp konsa nou te ka bay.

Pafwa jouk Kris la ankouraje nou kontinye mache pandan nou pa vle avanse menm. Santiman ak preferans nou yo di nou rete, men Kris di nou avanse toujou. Lè sa a, fòk nou swiv sa Jezi di. Konsa tou, jouk Kris ban nou an fè n’ rete pafwa pandan nou ta pito avanse plis. Genyen yon gran konfizyon nan doktrin legliz la sou pwen sa a jounen jodi a. Ou ka jwenn anpil moun ki di yo p’ap fè tèl bagay « toutotan yo pa santi sa nan kè yo. » Lè sa a, obeyisans moun lan vin esklav santiman l’ yo. Bib la anseye nou pou n’ padonnen moun ki fè nou mal menmsi nou pa santi nou ta vle fè sa. Se yon kòmandman li ye. Se obeyi pou n’ obeyi l’, swa nou santi nou vle fè sa, oswa nou santi nou pa vle. Fòk nou mouri anvè santiman nou yo epi annik obeyi Kris la. Se menm bagay la pou afè renmen pou frè sè yo. Nou pa rete ap tann pou lè nou santi renmen nan kè nou pou Entèl. Non. Nou renmen Entèl paske Bondye ban nou lòd fè sa. Jouk la fè nou konprann nou bezwen obeyi dabò. Santiman yo ka vini apre. Se menm bagay la toujou pou afè renmen pou lènmi nou yo. Sa pa natirèl. Men, jouk Kris mete sou nou an anseye nou pou n’ obeyi menmsi nou poko santi nou vle fè sa. Èske se pou rezon sa a « …gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k’ap soufri feblès » (1 Korent 11.30). 

Moyiz se yon bon egzanp kòman sa ye lè yon moun avanse pandan li te dwe rete, epi lè yon moun refize mache pandan li sipoze avanse. Pandan Moyiz t’ap viv nan peyi Lejip toujou, li te santi yon malalèz. Li te konnen Bondye t’ap rele l’ pou delivre pèp Li a nan esklavaj (Travay 7.25). Moyiz te mache annavan pou l’ ranpli tach li te santi li genyen an. Li te mete nan tèt li frè l’ yo te dwe konprann li gen kapasite pou l’ fè travay la. Men, lè a pa t’ ankò rive selon Bondye. Bondye te vle anseye Moyiz imilite anvan. Li te vle enstwi Moyiz pou li pa konfye pwòp kapasite l’ yo ak anbisyon li yo. Moyiz te oblije pase karant (40) ane nan dezè a ap okipe mouton jouk Bondye te rele li fè travay la. Apre karant (40) ane preparasyon sa yo, nou twouve Moyiz te rale kò l’ dèyè pandan Bondye t’ap mande li avanse (Egzòd 4.1, 10). Moyiz te mete nan tèt li pèp Izrayèl la pa t’ap janm konprann li te gen kapasite pou mennen yo sòti nan peyi Lejip. Li te pè Farawon an tou. Se lè sa Bondye te di li : « Bon, ou mèt ale. M’a ede ou lè ou gen pou ou pale, M’a moutre ou sa ou gen pou di » (Egzòd 4.12).

Konbyen fwa nou fè menm bagay la ? Konbyen fwa nou rechte jouk Jezi a ?

3. Yon jouk ofri sekirite ansanm ak direksyon

Yon jouk anpeche yon bèf fè pwòp wout pa l’ la. Se konsa sa ye avèk jouk Kris la tou. Li anpeche nou vire agòch adwat. Se konsa li ede nou evite yon seri pèlen Dyab la tann pou nou. Jezi itilize jouk la pou Li gide nou nan vre chemen volonte Li a.

Nan Matye11.28, Jezi ban nou envitasyon pou n’ vin jwenn Li. Envitasyon sa a ranpli nou avèk espwa epi ak konfyans. Li ban nou direksyon. Nou p’ap janm bezwen fè fas ak demen pou kont nou. Tout kote Jezi mennen nou, L’ap la bò kote nou. Li va ban nou fòs pou n’ akonpli dènye bagay Li ban nou lòd fè. Menmsi nou dwe mouri pou Kris, Li fè nou pwomès n’ap jwenn lavi etènèl.

Si nou pran jouk Jezi a sou nou, nou pa nan mache san objèktif ankò. Jeremi 10.23 di konsa : « Senyè, mwen konnen pèsonn pa mèt tèt yo, pèsonn pa ka kontwole kote yo prale. » Nou pèdi depi nou eseye dirije lavi nou pou kont nou ; sa p’ap janm mache. Pa kont, si nou pran jouk Jezi ofri a, nou genyen yon Moun pou dirije chak pa nou fè. L’a dirije tout gwo desizyon yo nou oblije pran nan lavi sa a. Lè sa a, nou gen asirans ak espwa pou lavni an. Nou ka rive mache ak konfyans depi Jezi jwe wòl dirijan an pou kondwi nou kote nou prale. Nou annik swiv Li.

Yon moun kapab kase jouk sa a pou l’ al fè sa li pi pito. Genyen anpil moun ki anvi jwenn benediksyon Jezi ofri yo, men yo pa dakò soumèt tèt yo devan Li konplètman. Yo mache yon pye andan, yon pye deyò. Lè ou eseye mache konsa, jouk la devni yon pi gwo chaj oubyen yon twoub. Yon bèf ki rebel epi ki goumen ak jouk la, va rive yon kote kou li blese ap senyen. Jouk la pral nwi li. Lè yon moun fè konsa, wout Jezi chwazi a devni yon pakèt travay di san okenn plezi. Yon Kretyen ki eseye mache konsa va pèdi kouraj yon lè kanmenm. Li va kite lafwa a.

Genyen moun ki anvi mache ak Jezi, men yo rechte jouk la Kris ban nou nan legliz Li a. Yo pa asepte konsèy frè espirityèl yo ofri, malgre se moun sa yo Bondye mete la pou byennèt pa yo. Yo chimè devan disiplin legliz la. Yo fèb epi yo fristre paske yo pa rekonèt jouk la kòm yon enstriman mizèrikòd Bondye a. Pou moun konsa, frè yo ki ap eseye oryante yo vin tounen yon sèl k’ap agrave blese yo jouk la te deja kreye nan kò yo. Alafen, yo kite legliz la tou fristre. Yo kenbe frè legliz yo nan kè, epi yo malalèz ak Bondye menm.

Nou te deja pale sou kijan jouk la parèt kòm yon fado pou anpil moun. Sa deranje yo lè jouk la anpeche yo mache, lè jouk la anpeche yo fè sa yo vle fè a. Yo santi bagay la twò di paske li mande yo fè sa ki difisil pou yon moun fè nan lachè. Men pou Kretyen an ki renmen Bondye tout bon, jouk la se yon vrè benediksyon li ye. Li ban nou garanti yon lavi abondans Bondye te prepare pou moun Li yo. Men, moun lan ki rechte jouk la ap mache nan yon chemen fayit espirityèl.

Soti nan: 

Flanbo Verite A (Mas - Avril 2019)

细节
语言
Kreyòl Ayisyen
作者
Jak Martin
出版社
Publicadora La Merced
主题

返回列表