Nou di n’ap viv nan yon tan ki pwogrese, men ki kote pwogrè a ye lè konsa ? Kote ki gen pwogrè, moun viv byen, yo viv dwat. Kote ki gen pwogrè, se kote ki genyen plis jistis epi mwens vyolans. Kote ki gen pwogrè, se kote moun ap kite dwòg ak alkòl. Donk, èske nou se moun devlope oubyen moun sovaj ?
Mis la te ban nou lè randevou a byen pwòp. Men, pou mwen menm, se kòmsi li t'ap di : « Se kòb la ki enterese nou. » Mis la te eseye konsole nou. Li te di : « Pa twouble tèt ou, tande ? Tibebe a poko menm fòme. Kote ou ye a, sa k' nan vant ou se san ak bout chè sèlman, anyen ankò. »
Jezi te entwodwi yon nouvo tolerans nan mitan pèp Jwif la. Senyè a te dakò chita manje ansanm ak pèseptè kontribisyon—yon bagay Jwif yo pa t’ap asepte fè. Pa kont, jounen jodi a gen yon kalite tolerans Jezi pa t’ap asepte.
Lemonn modèn lan malad. Malgre tout pwogrè ki fèt nan lasyans ak nan teknoloji, lòm ap viv tankou yon moun yo bat, tankou yon sòlda ki deja pèdi batay.
Kat premye leson yo nan liv sa a, bay chemen pou moun ki poko sove a jwenn delivrans nan Jezi Kris. Yo gen entansyon tou pou gide yon moun kreye yon Plan Biznis debaz pou yon ti biznis. Rès leson yo anseye kouman nou dwe viv lafwa nou nan mitan moun e bay ti komèsan konsèy pou lavi chak jou yo.
Tab Matyè: Pi Lwen Pase Pwotestan yo Chapit 4 | Mak Kote M' Prale a | Pisans pou Transfòme | Jouk Jezi a | Apèl pou Monte Leson 8c | Ekriti sou Miray la | Yon Ti Pri pou Peye Chapit 22a | Marta Fè Move Jijman | Kisa W'ap Tann Konsa ?