Yon bon jou, Jezi te di pawòl sa a : « Poukisa n’ap plede rele Mwen : Mèt, Mèt… » (Lik 6.46). Chè zanmi m’, ann fè yon ti kout meditasyon sou kisa pawòl sa a vle di. Lè yon moun di : « Mèt, Mèt… » oubyen, « Senyè, Senyè…» , kisa yo vle di ?
Chak Kretyen gen yon dezi pou li swiv Kris andan kè li. Men Jezi pa isit. Kijan nou kapab konnen Li epi kijan nou ka swiv tras pye Li yo ? Liv sa a te ekri avèk yon gwo dezi pou ede moun repanti epi swiv tras pye Kris yo pandan y’ ap obeyi ansèyman Li yo ak tout kè yo. Swiv tras pye Li yo jodi a !
Nan liv sa a, nou vle egzaminen kijan yon jenn Kretyen sipoze fè fas ak yon seri sityasyon reyèl ki prezante nan lavi li. Nou pral etidye prensip biblik yo ki kapab ede nou fè bon chwa. Bondye vle ou devlope yon bon plan pou sèvis Li, epi Li vle pou ou kanpe djanm kont tout vye atak Satan
yo.
Èske Bib la kapab ban nou bon direksyon pou tout bann desizyon yo n’ ap fè chak jou vrèmanvre ? Nou di wi ! Nan liv sa a, nou konte etidye kijan moun k’ ap swiv Jezi ta sipoze reyaji devan yon seri pwoblèm ki reyèl nan lavi sa a. Nou vle dekouvri prensip biblik yo ki ka ede nou fè chwa ki bon.
Tab Matyè: Pi Lwen Pase Pwotestan yo Chapit 7 | San Ki Sifi | Poutèt Amou Mèt Mwen an | Apèl pou Monte Leson 8e | Jonas ak Gwo Pwason an | Apòt Jak – Lanne 63 Apre Kris | Yon Ti Pri pou Peye Chapit 22c | Ipokrit yo | Lib Tout Bon
Tab Matyè: Pi Lwen Pase Pwotestan yo Chapit 4 | Mak Kote M' Prale a | Pisans pou Transfòme | Jouk Jezi a | Apèl pou Monte Leson 8c | Ekriti sou Miray la | Yon Ti Pri pou Peye Chapit 22a | Marta Fè Move Jijman | Kisa W'ap Tann Konsa ?
Tab Matyè : Pi Lwen Pase Pwotestan yo Chapit 2 | Abandon san Rezèv | Yon Lèt ki Mouri osinon Yon Lespri ki Vivan ? | Depi Andedan Kè a | Apèl pou Monte Leson 8a | Bondye Pale Pamwayen Jeremi | Yon Ti Pri pou Peye Chapit 21c | 7 Minit Ase | M' te Vin Bouke