« Men, nou menm, byenneme mwen yo, edifye tèt nou nan lafwa nou ki sen anpil. » (Jid 20) Kisa Jid t'ap pale la a ? Kisa ki lafwa ki sen anpil la.
Nan vèse 3, Jid di konsa : « Byenneme mwen yo, mwen t'ap fè tout efò m' pou mwen ekri nou konsènan delivrans nou genyen ansanm lan. Men, mwen vin santi nesesite pou mwen ekri nou pou m' ankouraje nou konbat pou lafwa, yo te transmèt bay sen yo yon fwa pou tout la. »
Jid montre nou lafwa ki sen anpil la se pa yon bagay maji li ye. Li pa yon bagay ki osi fasil nonplis. Li pa yon bagay ki dous toutan. Pou n' prezève lafwa sa a, fòk nou lite kont lame Satan yo ki nan lemonn. Selon Jid, lafwa ki sen an se lafwa apòt yo te genyen an. Se lafwa sa a nou ka obsève nan liv Travay la.
Jid te vle pou Kretyen yo viv ak menm lafwa apòt yo te genyen an. Sanble lèt li te ekri a se te pou moun ki te eritye lafwa nan men manman ak papa yo. Jid te panse petèt yo tapral chanje lafwa a pa rapo ak jan moun yo te pratike li nan jenerasyon pase a. Nouvo jenerasyon an pa t' oblije rann kont pou sa premye jenerasyon an te fè a. Ni yo pa t' kapab kanpe sou lafwa paran yo nonplis pou yo panse Bondye tapral asepte yo sou kont paran yo. Si jenerasyon sa a te vle fè Bondye plezi, fòk yo te konnen volonte Bondye, epi pratike li nan pwòp epòk ak nan pwòp anviwònman pa yo a. Jid te fè yo konnen ansyen yo te transmèt lafwa a bay sen yo. Sa vle di, li te tout afè posib pou nouvo jenerasyon an konnen volonte Bondye a tou. Men, kijan nou kapab konnen volonte Bondye a pou jenerasyon pa nou an jodi a ?
Si nou vle fè Bondye plezi, fòk nou konnen volonte Bondye, epi fòk nou viv selon volonte sa a. Fòk nou kanpe sou obeyisans menm jan yo te konn fè sa nan kòmansman an. Nou pa oblije rann kont pou sa ansyen yo te fè, ni nou p'ap jwenn sali poutèt egzanp yo te kite pou nou an. Men, nou kapab aprann kèk bagay sou lafwa ki sen anpil la si nou etidye lavi lòt kretyen ki gentan pase deja. Istwa lemonn lan kapab ban nou bèl leson sou kijan kèk legliz te kanpe djanm epi te rete fidèl anvè Pawòl Bondye a. Epitou, nou ka wè kèk legliz ki te sede devan presyon lemonn lan tou.
Lè Kristòf Kolon te dekouvri peyi Lamerik yo, se te legliz Katolik la ki t'ap mennen. Se li menm ki te prèske sèl legliz la nan tout kontinan Ewòp la, epi nan kèk pati ann Afrik. Pou moun yo alepòk, pawòl Pap la te egal ak Pawòl Bondye a. Pèp la pa t' genyen Bib nan men yo, epi pou anpil moun, Bib la pa t' menm egziste. Moun yo te asepte sa prèt yo t'ap di a. Konsa, yo te asepte vwa Pap la kòmsi se te vwa Bondye a menm.
Te genyen kèk gason ki te kòmanse fouye nan Bib la alepòk. Yo te dekouvri anpil kote legliz la te nan erè. Legliz la pa t'ap anseye sa Bib la di. Gason sa yo te kwè yo te bezwen chanje legliz Katolik la. Yo te vle refòme legliz la pou mete l' nan bon chemen ankò. Nou rele mesye sa yo refòmatè. Yo te afekte Refòm Pwotestan an.
Diran Refòm Pwotestan an, te gen yon twazyèm gwoup ki te parèt nan lanne 1525. Yo te santi fòk yo ta chache viv epi kwè tankou legliz primitif la. Yo rele gwoup sa a Anabatis. Yo te kwè volonte Bondye a se nan Bib la li ye— sitou nan Nouvo Kontra a.1
Koulye a, ann gade kèk nan kwayans yo chak gwoup te kenbe. Kisa ki lafwa ki sen an ? Kijan nou kapab konnen volonte Bondye a pou nou menm jounen jodi a ? Epi, kijan nou kapab aplike prensip Bondye yo nan lavi nou aktyèlman ?
Moun Katolik yo te kwè legliz la se te yon depo kote moun twouve gras Bondye a. Se sa yo te anseye. Nou te ka fè ilistrasyon an konsa :
Yo te rele yo anabatis paske yo pa t' rekonèt afè batèm pou timoun. Yo te batize moun lè yo te konfese lafwa. Konsa, yo te re-batize moun ki te batize lè yo tibebe.
Yo te kwè Bondye te mayifik, gran, epi sen. Se konsa yo wè Li jouk jodi a. Epi, yo te kwè Kris te bay legliz la pouvwa pou konnen volonte Bondye a pou jenerasyon pa l' la. Pou yo menm, legliz la te vin pi enpòtan pase Bib la. Yo te kwè lòm se pechè, epi konsa li pa ka jwenn anyen nan men Bondye san èd sen yo ak sakreman yo. Selon Katolik yo, prèt yo se yon seri entèmedyè ki plase ant Bondye epi mas pèp la. Katolik yo konn di moun oblije fè bon zèv pou yo twouve sali epi padon pou peche. Konsa, lavi Katolik la pa twò lwen lavi moun Ansyen Kontra yo. Yo te peche chak jou. Prèt la te chache padon pou yo nan gran depo Bondye a. Se ak sakreman yo li te fè sa. Lavi, pou yo menm, se te yon sik (pwosesis) ki plede repete. Yo peche. Yo peye. Yo resevwa padon. Yo peche ankò. Lè yon moun te mouri, koulye a se te fanmi l' ak zanmi l' yo ki te oblije fè plis sakrifis pou libere moun lan anba sa yo te rele Pigatwa. Annefè, se te yon lavi ki te sou defèt espirityèl toutan.
Refòmatè yo te kwè Bib la devwale volonte Bondye, epi yo te kwè Jezi se granprèt nou. Yo te kwè kwayan an kapab abòde Bondye pou kont pa li. Yo te fè konnen Bondye bay gras san limit pou nenpòt moun ki kwè. Pou yo menm, pechè a genyen yon sèl bagay pou li fè, se kwè epi li va padonnen. Pwotestan yo te kwè chit Adan an vle di tout moun koupab devan Bondye, ni timoun, ni bebe—tout nèt. Yo te kwè poutèt chit Adan an, lòm kondane pou l' fè peche toutan li sou latè. Yo te kwè gras, mizèrikòd, ak amou Bondye a va sifi pou Li touye je sou peche a, paske nan kè yo, yo pa t' vle fè peche a. Refòmatè yo te kwè genyen kèk pati nan Nouvo Kontra a ki pale sou yon tan k'ap vini, epi pasaj sa yo pa aplike aktyèlman. Yo te anseye wayòm Bondye a—jan Jezi te anseye l' la nan Mesaj sou Mòn lan— se pa yon reyalite pou moman sa a. Pito li se yon bagay ki va vini lè Jezi retounen sou latè. Yo te kwè kwayan an kapab kontinye fè peche, epi Bondye va asepte yo poutèt lafwa yo te genyen nan gras Bondye a. Lide sa yo fè moun panse zèv prèske pa gen okenn enpòtans pou lavi Kretyen an. Anmenmtan, Pwotestan yo te kenbe kèk nan pratik Ansyen Testaman yo pou yo te ka apiye moun ki te al nan lagè, pou yo te ka toujou batize tibebe yo, epi pou yo te ka etabli yon legliz nasyonal.
Refòmatè yo te mete anpil anfas sou Bib la. Yo te kwè yo ka twouve padon san okenn prèt pa di anyen nan sa. Yo te kwè chak moun ka priye Bondye pou kont li. Gen yon lòt lide ki popilè jounen jodi a ki ale pi lwen toujou kote moun panse yo kapab konnen volonte Bondye a epi viv yon lavi ki sen pou kont yo nèt—san yo pa angaje nan okenn kominote lafwa (sa vle di nan yon legliz). Genyen moun ki menm rive kwè Sentespri a kondwi yo kont sa Bib la di, epi kont konsèy frè parèy yo tou. Lidè modèn sa yo gentan fè kèk moun panse yo pa bezwen legliz la pou anyen, epi yo ka viv lavi Kretyen an pou kont yo.
Sepandan, Anabatis yo te vle retounen nan menm kwayans yo legliz primitif la te genyen, epi yo te vle aplike kwayans sa yo nan lavi yo. Yo te ensiste tout kòmandman yo nan Nouvo Kontra a se pou jounen jodi a menm, epi yo te ensiste sou obeyisans. Yo te kwè relasyon an ant Bondye ak yon kwayan ta sipoze tankou desen ki anlè a ki montre kijan tout kwayan yo reskonsab devan Bondye menm jan an. Men tou, yo te kwè nan enpòtans legliz la, kote moun ap travay ansanm kòm kò Kris la jan Nouvo Kontra a esplike sa. Yo te kwè nan yon inite byen fò pami frè ak sè yo. Yo te kwè nan angajman anvè kò Kris la, ki se legliz la. Sa vle di, yo te angaje yo nan yon asanble lokal. Yo te rekonèt kijan Bondye renmen yo ansanm avèk gras Li ofri a. Yo te reyaji sou gras ak amou sa a. Poutèt gras ak amou sa a, yo te obeyi Pawòl Bondye a, epi yo te renmen frè parèy yo tou. Yo te kwè Bondye pa mande moun plis pase sa yo gen kapasite reyalize. Ak pouvwa Bondye, epi avèk Sentespri Li, yo te lite kont tantasyon ak lachè a. Ak èd frè yo, yo te pèsevere nan lit sa a jiska lanmò. Yo pa t' viv lavi ki te san erè. Men yo te montre lemond kijan yon Kretyen kapab viv nan laviktwa, epi anpil nan yo te pliskè venkè.
Anabatis yo te kwè yo te bezwen youn lòt nan legliz la pou ede yo fin konprann volonte Bondye a. Se ansanm, nan inite ak pwòpte moral, yo te eseye viv lafwa ki sen anpil la—menm jan ak apòt yo. Lè yo te fè fas avèk pwoblèm nan legliz la, yo te ale nan Bib la ansanm pou yo chache volonte Bondye a.
Lavi anabatis yo pa t' yon lavi fasil. Moun ki te kont yo te pèsekite yo. Men, anpil nan yo te rete fidèl menm jan ak sen yo nan Ebre 11.35–40. Yo te viv ak lajwa epi avèk lapè, menm nan moman difisil yo. Yo te kwè legliz la fè pati wayòm Bondye a. Kris te inisye wayòm sa a lè Li te sou latè. Liv Revelasyon an te ba yo espwa genyen yon pi bon lavi k'ap tann yo lè yo fin libere anba lavi a isiba.
Bondye rele nou pou n' viv yon lavi ki sen. L'ap mande nou pou n' rete fidèl, epi pou n' mennen yon lavi ki selon Pawòl Li. Se vre, nou pa janm dwe mete konfyans nou nan tèl gwoup moun, oubyen tèl denominasyon nou kapab jwenn nan istwa legliz la. Pa gen youn ki te kite yon egzanp pafè a sanpousan nan « lafwa ki sen anpil la, » men san dout, nou kapab tire anpil leson nan egzanp yo te trase pou nou an. Kisa nou kapab aprann fasa repons yo te genyen devan Pawòl Bondye a ? Ki repons nou pral genyen nou menm fasa ansèyman yo nou jwenn nan Pawòl la ?
Jezi te di : « Si nou kenbe pawòl Mwen yo nan kè nou, nou se disip Mwen vre » (Jan 8.31). Epi, Li te di : « Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip Mwen nou ye » (Jan 13.35). Lafwa ki sen anpil la se plis pase repete epi konprann Pawòl Bondye. Nou twouve lafwa sa a lè nou obeyi Pawòl Bondye, epi lè nou pratike volonte Bondye a ansanm nan jenerasyon pa nou an.