Sosyete nou an vle fè nou konnen byen ak mal se bagay ki relatif, ki vle di nou pa ka kouri jije lòt yo paske nou tout gen dwa fè sa nou vle fè. Men, èske pa genyen yon seri absoli ki inivèsèl, ki vre tout tan epi tout kote ? Men kesyon an : « Kilès ki deside sa ki mal vre ? »
Nan dènye detwa jenerasyon sa yo, gen yon gran transfòmasyon ki kontinye ap fèt nan sosyete modèn lan. Si nou gade sa ki enpòtan pou lòm koulye a, ak sa lòm kenbe kòm koutim, nou wè panse moun gentan chanje direksyon. Si nou te ka reprezante chanjman sa yo avèk yon liy ki reprezante direksyon moral sosyete modèn lan, nou ta wè liy sa a ap plonje desann.
Prensip kretyen se bagay sosyete modèn lan vire kite. Yo di n'ap viv nan yon sosyete ki depase « modèn » koulye a. Se « avanse » nou avanse plis. Lide sa yo, ansanm ak lide imanis yo, gentan enfliyanse panse ki nan tèt moun anpil anpil. Jan moun te konprann lavi a nan ane pase yo, se pa konsa yo konprann li ankò.
Sa ta dwe atire atansyon nou, sitou paske Kris te ban nou lòd pou n’ sèvi tankou sèl ak limyè devan lemonn (Matye 5.13–16). Sèl fè manje pi gou. Sèl prezève. Sèl touye mikwòb. Limyè bay direksyon. Limyè pèmèt moun wè epi konprann. Limyè anpeche move pa. Pandan sosyete modèn lan ap mache pi lwen Bondye ansanm ak prensip Li yo, tach Kretyen an vin pi enpòtan. Anmenmtan, tach la vin pi difisil tou.
Jou an jou, genyen plis moun k’ap mennen yon lavi tou vid. Yo vin mal pou resevwa gerizon Jezi vle ofri yo. Men yon egzanp : Kòman nou te kapab konvenk yon moun genyen espwa pou demen si moun lan pa menm kwè mond espirityèl la egziste ? Kòman nou ka ede l’ wè se peche pa li yo ki se sous pwoblèm pa l’ yo, si li pa dakò peche egziste ? Se toutbonvre n’ap viv nan yon epòk tou nèf.
Chanjman sa yo pa sèlman genyen efè sou relasyon nou avèk lemonn kote n’ap viv la. Yo afekte nou pèsonèlman tou. Se yon verite li ye, menmsi nou mal pou asepte l’. Sa vle di, mantalite a ki nan kilti kote n'ap viv la enfliyanse nou. Nou tout gen tandans asepte koutim yo ki nan sosyete kote n'ap viv la. Depi koutim sa yo ap chanje, Kretyen yo sibi enfliyans lan kanmenm. Lè chanjman yo fèt rapid, nou sezi epi nou fasil rekonèt yo pou bagay mal. Men, kòman sa ye apre yon bann tan pase ? Ann pran abiman kòm yon egzanp. 150 ane pase, ou pa t’ap ka jwenn menm yon fanm jennès (ki t’ap eseye sedwi moun) ki t'ap dakò abiye jan moun nan sosyete a dakò pran lari a jounen jodi a. Dèske pa genyen anpil diferans ant abiman lemonn ak abiman ki swadizan kretyen jodi a, ki mesaj n’ap bay ? Èske se posib pou Kretyen jounen jodi a abiye kò yo pi mal pase jennès lontan yo ? Kisa ki rive konsa ? Se pa t’ yon chanjman ki te fèt rapid. Chanjman sa a te fèt tipatipa. Souvan legliz yo te sou chòk lè yon nouvo estil te antre. Men apre yon bon tan te fin pase, legliz la te vin adopte menm koutim lan. Legliz yo te vin abitye avè l’ jouk li pa t’ menm wè l’ pou anyen ankò.
Koulye a, lè chanjman yo se chanjman ki sibtil, li pi difisil toujou pou evite enfliyans lemonn. Souvan nou santi chanjman an pa reprezante yon pa anvè sa ki mal. Li ka menm parèt kòm yon chanjman ki bon. Konsidere ki gwo enpòtans moun mete sou respè ak tolerans jounen jodi a. Sa a se yon chanjman ki pozitif, pa vre ? Se si li fèt byen, li pozitif. Epi nou konsyan genyen gwoup moun ki vrèman konn resevwa move trètman. Sa se yon wont li ye.
Men, ann sonje respè avèk tolerans pa vle di ou oblije aplodi bagay ki pa bon. Chak grenn moun sou latè se yon moun Bondye renmen. Nou dwe aji avèk menm renmen epi menm respè a anvè tout moun. Poutan, yon gwo pati nan legliz modèn lan vle di nou, si nou respekte yon moun, sa vle di nou dwe aplodi tout sa l'ap fè (depi se pa mal l’ap fè lòt moun mal). Èske pozisyon sa a se yon pozisyon ki kòrèk ?
Nan ane ki pase yo, sosyete lwès yo (Ewòp ak Lamerik yo) te baze plizoumwen sou yon fondasyon ki te sòti nan prensip biblik. Pifò moun nan sosyete sa yo te konn ale legliz, epi si ou te mande yo, yo t’ap di se Kretyen yo ye. Konsa, yo te gen respè omwen pou kèk bagay ki nan Bib la. Yo pa t’ap travay jou Dimanch. Yo te marye pou lavi. Yo te dakò fòk moun travay pou yo jwenn manje. Yo te wè enpòtans fanmi an. Te genyen lòt prensip moun yo te fasil asepte toujou.
Koulye a, nou bezwen pale byen klè. Lè n’ di sa nou di la a, sa pa vle di sosyete sa yo t’ap swiv Bondye pou sa. Se pa sa n’ap di. Men, nou vle montre ou te genyen yon respè kanmenm pou Bib la an jeneral. Sosyete lwès yo te toujou genyen vye bagay tankou rasis, adorasyon lajan, vye trètman anvè tèl gwoup moun, elatriye.
Nan anviwònman sa a, li te vrèman fasil pou yon moun pwofese lafwa kretyen epi preche Pawòl Bondye a. Tout moun t’ap dakò avè ou. Omwen, yo te gen krentif pou Bib la kòm otorite sou lavi moun.
Jounen jodi a, tout bagay sa yo ap chanje rapidman. Li pa aseptab ankò nan sosyete modèn lan pou ou itilize Bib la kòm yon sous pou etabli sa ki bon pou eseye di sa moun ta dwe fè. Anpil moun gade relijyon kòm bagay ki pa lojik. Yo di li pa mache ak lasyans. Konsa, yo tou gade Kretyen mal—tankou moun yo pa ka fin konfye.
Kijan pou n’ reyaji devan kalite bagay sa yo ? Kòman nou ka ranpli misyon Bondye ban nou an ?
Nou dwe sonje lemonn pa janm soumèt devan Bondye—se yon wayòm apa li ye. « Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan » (1 Jan 5.19). « Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo : se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki nan tèt yo : se egzijans Lespri a. 6Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w’ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w’ap viv ak kè poze. 7Poukisa ? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p’ap ka soumèt menm. 8Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. 9…Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la » (Women 8.5–9). Nou pa dwe sezi lè lemonn vire do bay Bondye. Yo swiv lènmi an, epi konsa yo va chache sa ki kontrè avèk sa Senyè a egzije lakay yo.
Nou menm Kretyen, nou pa moun tè sa a ; nou genyen yon lòt Wa epi yon lòt peyi. « Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n’ap tann Delivrans nou, Jezikri, Senyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la » (Filipyen 3.20). Wa pa nou an rele nou pou n’ swiv lalwa pa Li a. Pou n’ ka konnen volonte Li, epi pou n’ ka konnen sa ki vre nan mitan tout sa yo vle mete devan nou, fòk nou konnen Bondye, Papa nou an (Gade Jan 16.3.Ou va wè si nou pa konnen Bondye, se pa moun Kris la nou ye).
Bondye fè lòm konnen Li. Li fè sa an gwo pamwayen Bib la. Ann gade :
Sosyete nou an vle fè nou konnen byen ak mal se bagay ki relatif, ki vle di nou pa ka kouri jije lòt yo paske nou tout gen dwa fè sa nou vle fè. Li enpòtan pou n’ konprann byen, si pa gen fondasyon ki absoli, pa gen okenn moralite. Chak moun genyen yon lide nan tèt li sou sa ki bon ak sa ki pa bon. Si tout moun tonbe fè sèlman sa li wè ki bon pou li, san yo pa rann kont kòman sa va ye pou lòt yo, tout bagay nèt vire tèt anba.
Genyen moun ki tèlman adopte bagay relatif sa a, ta sanble yo pran pozisyon kont tout regleman nèt. Yo di pa gen yon grenn regleman ki bon, ki gen rezon. Poutan, menm moun sa yo genyen kèk règ y'ap swiv. Yo p’ap dakò pou yon moun annik leve al touye yon lòt moun ki inosan. Menmsi yo pa vle asepte prensip absoli, prèske tout moun genyen bagay yo konsidere kòm mal. Men kesyon an : « Kilès ki deside sa ki mal vre ? »
Souvan nou tande moun ki di : « Si ou renmen l’, fè l’, depi ou pa deranje lòt moun. » Men fòk nou defini kilès ki deside sa ki deranje lòt moun ak sa ki inosan vre. Kilès ki deside kilès regleman nou va swiv pou sa ? Genyen moun ki di se sosyete a ki pou etabli prensip yo. Genyen moun ki di chak moun dwe etabli pwòp prensip pa li yo. Men, èske pa genyen yon seri absoli ki inivèsèl, ki vre tout tan epi tout kote ?
Ann retounen nan sa nou te aprann sou karaktè Bondye a. Se klè Bondye genyen otorite absoli epi Li kite yon seri regleman pou gouvènen lavi nou yo isiba. Genyen yon lòt bagay ankò ki klè : Bondye fè sa Li fè paske Li renmen nou, epi paske Li vle sa ki pi bon pou nou.
Donk, kòm Kretyen, li fasil pou n’ konnen kibò fondasyon nou ye. Bondye fè yo parèt byen klè nan Bib la. Sa ki pa tèlman fasil, se pou n’ konplètman onèt avèk tèt nou epi avèk Bondye. Se konsa, anpil fwa nou wè yon Kretyen ki pa vrèman asepte sa Senyè a di paske Pawòl la egzije l’ pou l’ fè sa ki kontrè ak volonte l’ osinon kontrè ak sa sosyete a mande. Sa rèd lè nou wè lòt moun k’ap pase nou nan jwèt epi k’ap rayi nou paske nou kanpe sou tèl prensip. Nou pito moun renmen nou. Nou vle pou lòt yo asepte nou.
An reyalite, fòk nou retounen nan afè de (2) wayòm yo. Wayòm yo pa sèlman diferan youn ak lòt, men yo opoze youn ak lòt. Konsa, sa lojik anpil pou n’ di lide nou yo p’ap janm ka menm ak lide lemond.
Ann viv lavi nou yo annakò avèk prensip Bondye te kite pou nou yo. Li vo lapenn pou n’ fè sa. Alafen, nou va resevwa kouwòn lavi a.